top of page
Haiti_1116_BCMalnutrition-LouisFamily_CAvila_023.JPG
Search

Sèvis Ijans Lopital Inivèsite Mibalè a



Sèvis Ijans Lopital Inivèsite Mibalè a se pòt antre prensipal lopital la; plis pase mwatye ospitalizasyon yo antre nan sèvis sa. Li fonksyone 24 sou 24, 7 jou sou 7 depi lè li louvri pòt li a 14 jwen 2013 la.



Aktyèlman, ekip medikal la gen ladann 11 doktè, 9 espesyalize yo nan medsin ijans. Ekip enfimyè a gen ladann 13 oksilyè ak 19 enfimyè, majorite nan yo espesyalize tou nan swen entansif ak èd medikal ijan. 19 rezidan pwogram medsin ijans Lopital Mibalè a aktyèlman nan fòmasyon nan ijans. Se doktè Cassandre Edmond k ap dirije sèvis la depi 6 mwa. Li se ijantis, medsen fanmi, chèf sèvis epi se li ki responsab fòmasyon rezidan yo.


Lopital Inivèsite Mibalè a resevwa chak jou plis pase 40 pasyan. Anpil fwa, se twoma yo ye : twoma kranyen, frakti nan manm yo, elatriye. Sèvis la resevwa tou moun ki fè kè, tansyon, tibèkiloz ak COVID-19.


HUM itilize yon sistèm triyaj sid-afriken

Pou l bay priyorite a malad ki pi grav yo, sèvis la itilize yon sistèm triyaj sid-afriken otomatik ki endike ka ki pi grav yo gras ak koulè : wouj, jon, oranj, vèt ak ble.


Wouj la fè konnen pasyan ki ijan ak enstab yo, ki pa ka tann 5 minit. Jón nan, pasyan ki ka tann lontan. Oranj la, pasyan ki pa ka tann plis pase 10 minit, vèt la, pasyan ki kabab tann pandan 4è de tan. Ble a siyale li gentan twò ta. Pasyan an ap mouri.


“Se toujou yon kesyon segonn nan sèvis ijans lan ”, se sa doktè Cassandre Edmond deklare. "Kèk fwa, nou pa menm gen tan fè triyaj la menm. Yon segonn ka fè diferans ant lavi ak lanmò".





Priz an chaj nan sèvis Ijans HUM nan

Lè pasyan an rive nan sèvis la, yon enfimyè akeyi l. Aprè premye egzamen medikal la, estaf medikal la kapab gen lòt egzamen teknik pou l konplete dosye l la tankou pran san, elektwokadyogram, radyografi ak eskanè. Aprè premye egzamen sa e le yo gen rezilta yo, ijantis la ap rele divès espesyalis lopital ka pou konplete avi l sou ka a.


Nan fen dosye a, gen 3 altènativ posib : swa yo kenbe w lopital la pou ba w yon trètman ak yon bilan konplemantè, swa yo kenbe w nan ijans la pou yo siveye evolisyon ka w la anvan yo pèmèt ou antre lakay ou, swa yo mande w retounen lakay ou epi pran randevou ak yon espesyalis ouyen ak doktè w.



Lopital Inivèsite Mibalè a resevwa pasyan ki soti nan dis depatman nan peyi a. Men sèvis ijans lan toujou plen moun e li konn manke pèsonèl, medikaman ak materyèl ijans. Ijans HUM nan gen 41 kabann alòske li ka resevwa 71 pasyan.


“Nou toujou ap fè antre soti nan lòt sèvis yo epi divize ekip nou an pou n ka bay pasyan yo swen pi vit epi akeyi plis moun”, se sa doktè Edmond fè konnen. Ijans lan bezwen plis enfimyè ak ijantis. “ Sa konn rive nou gen yon sèl enfimyè sou 20 pasyan. Sa pa nòmal », se sa l deklare.


Menm jan ak tout lopital nan peyi a, HUM gen pwoblèm pa l tou. « Akoz yon pwoblèm reparasyon, 3 vantilatè sèvis la te genyen yo pa fonksyone ankò. Ijans lan bezwen omwen 4 vantilatè pou l fonksyone, 2 defibrilatè pou reyanime pasyan yo, 10 monitè pou verifye tansyon malad yo, 2 aparèy sonografi ak stann, charyo ijans, medikaman ak plis kabann ak chèz pou akeyi pasyan yo », se sa doktè Cassandre Edmond deklare.


Malgre tout sa, sèvis Ijans Hum nan fè diferans. Toujou gen yon doktè sou plas lannwit kou lajounen, pòt li toujou louvri e l resevwa nenpòt pasyan. Nan yon peyi tankou Ayiti kote ensekirite ap vale tèren, kote gang ak zam toujou ap batay youn ak lòt ak katastwòf natirèl k ap lakoz anpil moun viktim, li toujou enpòtan pou w gen yon sèvis ijans ki louvri 24/24, 7jou sou 7 pou akeyi malad ak blese.



Anplis de sa, ijans lan kreye lyen ant pasyan ak doktè yo tou. Pandan tout ane sèvis li yo, doktè Cassandre Edmond rann li kont, menmsi yo nan nesesite, gen pasyan ki toujou kenbe fyète yo ak onètete yo.


Li sonje te gen yon mesye ki te vini nan ijans lan ak yon pitit gason l ki te gen yon blese ki enfekte. Aprè egzamen medikal yo, doktè yo deklare timoun nan fè tetanòs e l dwe pran medikaman. Men lopital la pa t gen medikaman sa yo nan stòk li. Malerezman papa pitit la pa t gen 200 goud, oubyen 2 dola ameriken, pou l peye transpò. Li mete ajenou nan pye doktè Edmond pou l mande l èd li. Doktè a fè l kado 200 goud.


Kèk mwa aprè, li retounen lopital la pou l remèt doktè Edmond kòb li te prete l la. Li sipliye doktè Edmond ki pa t vle aksepte kòb la pou l te pran l nan men l. Se la doktè a ap aprann tetanòs la te touye pitit gason li a. Doktè Edmond di : « Sa te tèlman touche m. Malgre pwoblèm li ak doulè l, li te vle remèt mwen lajan an. M p ap janm bliye mesye sa. »





Comentarios


bottom of page